dimanche, août 14L'information d'un bout à l'autre

Kilti : Dieunerson Jean pibliye Doub tranchan, yon rekèy pwezi yon dous yon cho

À l’occasion de la célébration de la Journée internationale de la langue créole, le Journal la Diaspora publie des textes en 

créole pour mieux vous faire apprécier ce beau patrimoine)

Pandan peyi a ap travèse yon moman difisil nan istwa l’, yon jèn powèt, Dieunerson Jean, pibliye yon rekèy pwezi; DOUB TRANCHAN: chichote. Yon zèv ki non selman trennen yon bann ak yon pakèt istwa dèyè l, men tou, ki vin chire anpil rido nan sosyete a. Nan okazyon selebrasyon lang ak kilti kreyòl nan mond la, nou pwofite fouye zo nan kalalou zèv sila a. 

Dieunerson Jean fèt nan komin Gantye, nan yon seksyon kominal ki rele mawozo nan lane 2000. Yon jenerasyon, dènye tan sa yo, ki fè anpil pale de li. Pami tout move diskou ki te ka genyen sou timoun 2000 yo, atravè piblikasyon Doub Tranchan, Dieunerson vinn bay yon lòt son klòch.

Alòs, Doub Tranchan se yon rekèy pwezi yon dous yon cho. Kote otè a marande angajman l antanke sitwayen konsekan ak feblès li antanke gason. Pou pi senp, se yon zèv ki reyisi mete lanmou ak angajman sitwayen chita ansanm. Nan istwa literati an Ayiti kou aletranje, pa gen anpil powèt ki reyisi fè eksplwa sa a. Se pou rezon sa a ki fè anpil moun panse Gantyewa sa a rantre nan literati kontanporèn kreyòl la an gran jan.

Menm jan ak Etzè Vilè, Dieunerson kwè literati se pa yon aktivite gwo van ti lapli. Men pito, yon zam nenpòt moun ka mennen bon konba ak li. Se poutèt sa a, nan kèk tèks tankou : KOU L FÈ JOU, FOLI VIV, LANMÒ N SAN JOU, JOU MALÈ N , ekriven an leve vwa l pou l denonse malè ki pandye sou tèt nou tout ak nou chak chak nan peyi a. Pèsonn pa dwe gen dout sa a, otè a enspire l de sa li ap viv ak tande chak jou pou l ekri epi pibliye rekèy pwezi sa a. Tankou jan Jak Estefenn Aleksi te di l la, ekriven an se tankou yon ti pye bwa li ye, se sitiyasyon l’ap viv la ki dwe ede l grandi. Pawol sa a, Dieunerson Jean respekte l alalèt.

Yon lòt kote, jèn ekriven an montre tou li trè santimantal. Nan teks NEGÈS la, powèt la di, 

Negès lonje m lanmen,

M’ap depoze l sou kè m

Di m sa w santi

Se pa foli

Si bri kè m ekspoze men w. 

Mèt Ralph Lapointe, ansyen majistra komin Gantye ki ekri prefas rekèy pwezi a, di li estime powèt la gen anpil souf. Savledi, kapasite li genyen pou l fè ale mennen vini ak lide yo. Se pa mwen ki ap demanti mèt la.  

Boutofen, Dieunerson Jean, two jèn pou l gen kalte enspirasyon sa a.  Si l kontinye ekri, li ka vini Jisten Lerison oubyen Jòj Kastra jenerasyon sa a.  Pa gen dout sou sa a.

Junior Luc

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *