mercredi, septembre 17

Yon sosyete pa ka siviv san kilti li ak tradisyon zansèt li yo. Se nan mitan tradisyon sa yo, yon timoun jwenn fondasyon idantite li. Lè yon timoun pa resevwa eritaj kiltirèl sa a depi li piti, li pa ka transmèt li pita. Li grandi tankou yon sousou ak yon vid nan sèvol, li pa ka pase sa li pat gen chans resevwa bay pwòp pitit gason oswa pitit fi,li .

Enpòtans idantite, transmisyon zansèt yo, se koutim se valè, se bagay ki fondamantal. Se yo menm ki fòme, yon timoun pou fèl vin yon sitwayen solid konpetan yon moun ki gen konsyans sou rasin li, ki fyè pou l fè pati nasyon libète Papa Dessalines nan .

Nanm pwojè Ayiti Bèl Nanm la chita :
Premyèman fè pèp ayisyen rekonèt yo genyen yon istwa ki fò, ki inik, ki make pwofondman ak maryaj 2 kilti Tayino ak Afriken yo Pèp Ayisyen yo dwe proteje eritaj vivan istwa sa a, e se devwa yo pou yo pwotejel, prezèvel, epi fè l klere sou tout glòb la

Istwa nou fèt ak doulè ak grandè:
• istwa esklav yo yo te rache kite tè natif natal yo,
• istwa pèp endijèn yo yo te elimine sou tè sa a,
• istwa gason ak fi ki te vini kòm moun lib e ki te jwi richès tè sa a,
• istwa tout moun ki te pase sou tè a e ki kontribye pou fòme idantite nou.

Jodi a, nan venn nou ap koule eritaj dè milye, dè milyon nanm ki soti nan tout kwen latè. Melanj sa a, ki fèt nan doulè esklavaj la ak nan rezistans zansèt yo, se li ki fè nou sa nou ye jodi a: yon pèp ki pote yon idantite inik, ki pa ka ranplase.

Pouw se Ayisyen, se pa chèche renye sa ou ye,O kontrè, se fè idantitew tounen yon fòs inik ki kapab fèt sèlman sou tè Ayiti, yon tè resistant, memwa ak espwa .

Carole Demesmin Arty / M. Kalala

Share.
© 2025 Journal la Diaspora. Designed by Media Innovation.
Exit mobile version