Epizòd 02 — Pòtoprens, mwen pa konnen si nou t ap rekonèt li
Zansèt, tande…
Mwen te di nou mwen t ap retounen.
Mwen pase anpil tan ap reflechi sou ki kote pou m kòmanse rakonte nou sa peyi a tounen.
Mwen te ka kòmanse ak politik.
Mwen te ka pale nou de moun ki dirije peyi a.
Mwen te ka pale nou de tout pitit Ayiti ki gaye lòt bò dlo.
Men mwen di tèt mwen non.
Fòk mwen kòmanse ak Pòtoprens.
Wi, Zansèt…
Pòtoprens.
Mwen pa konnen ki dènye imaj nou te kenbe nan tèt nou de vil sa a.
Mwen pa konnen si se te anba lavil la.
Si se te machann k ap rele dèyè machandiz yo.
Si se te timoun an inifòm k ap prese pou lekòl.
Si se te tap-tap plen moun.
Si se te mizik k ap soti nan yon lakou.
Oswa tou senpleman moun ki chita devan pòt yo lè solèy fin bese.
Mwen pa konnen.
Men gen yon bagay mwen konnen:
Si nou te retounen Pòtoprens jodi a, gen anpil kote mwen pa t ap konseye nou ale.
Pa paske nou pa moun peyi a.
Pa paske nou pa konnen lari yo.
Men paske gen kote, sa pa sifi ankò.
Gen katye kote anpil fanmi leve yon maten, pran sa yo kapab pote, epi kite dèyè kay yo, kabann yo, foto yo, souvni yo…
tout yon vi.
Gen moun ki soti lakay yo san yo pa konnen si y ap janm retounen.
Gen timoun ki aprann dòmi yon lòt kote paske kote yo te rele lakay la pa an sekirite ankò.
Gen lekòl ki fèmen.
Gen biznis ki disparèt.
Gen moun ki chanje tout wout yo te konn pran pandan plizyè ane, paske lari yo te konn travèse san reflechi yo, vin yon limit ke yo pa dwe franchi.
E bagay ki pi difisil pou m rakonte nou an…
se kiyès ki trase kèk nan limit sa yo.
Se pa Leta.
Se pa meri.
Se pa polis ki kanpe ak yon pano pou di w pa pase.
Se gwoup ame.
Wi, Zansèt.
Gason ak zam rive gen pouvwa sou pati nan kapital peyi a.
Yo ka deside ki kote moun pase.
Yo ka fè yon katye leve kouri.
Yo ka fè yon wout fèmen.
Yo ka mete dife nan kay moun.
Yo ka fè plizyè milye moun chanje lavi yo nan kèk èdtan.
E pandan m ap rakonte nou sa, mwen konnen kesyon ki ta ka pase nan tèt nou:
« Men kote Leta ye? »
Mwen swete mwen te gen yon repons ki senp pou nou.
Gen polisye k ap goumen.
Gen moun k ap mouri pandan y ap eseye fè travay yo.
Gen sitwayen ki toujou leve chak maten pou fè vil la mache.
Gen machann ki toujou mete machandiz yo deyò.
Gen chofè ki toujou pran volan.
Gen enfimyè ak doktè ki toujou ale travay.
Gen pwofesè ki toujou eseye anseye.
Pòtoprens poko mouri.
Se sa mwen vle nou konprann tou.
Paske mwen pa vle chak fwa mwen vin pale ak nou, se sèlman move bagay mwen pote.
Nan mitan tout sa…
moun yo toujou ap viv.
Yo marye.
Yo fè pitit.
Yo priye.
Yo ri.
Yo fè blag.
Yo vann.
Yo achte.
Yo renmen.
Yo reve toujou.
Petèt se youn nan bagay ki pi etonan sou pèp nou an:
nou ka viv nan mitan yon bagay ki ta dwe kraze nou…
Men pa konfonn kouraj sa ak nòmalite.
Sa k ap pase a pa nòmal.
Nou jis vin tèlman abitye ak kèk bagay, pafwa nou pa menm remake kantite bagay nou aprann tolere.
E mwen menm?
Mwen lòt bò dlo.
Mwen ka fèmen telefòn mwen.
Mwen ka fèmen yon videyo.
Mwen ka li yon nouvèl sou Pòtoprens epi mete telefòn nan nan pòch mwen.
Men moun ki la yo pa ka fèmen reyalite a konsa.
Se lakay yo li ye.
Se sa ki fè m wont pafwa lè m ap pale de peyi a depi lwen.
Paske mwen ka rakonte doulè a…
men se yo menm k ap viv li.
Zansèt…
Mwen te pwomèt nou laverite.
Men m pa t pwomèt nou li t ap fasil pou tande.
E nou poko menm kòmanse.
Pòtoprens toujou la.
Men gen yon kesyon mwen pa ka retire nan tèt mwen:
Konbyen nan yon vil ou ka pèdi, anvan ou kòmanse mande si se menm vil la toujou?
N a pale ankò.
Eliad Dorvil
ZANSÈT, TANDE…
Une série originale de Journal la Diaspora
