Nan yon moman kote imaj Ayiti sou plan entènasyonal la souvan limite ak kestyon ensekirite ak kriz politik, gen kèk raman okazyon kote yon lòt naratif rive pran plas. Se egzakteman sa ki rive ak siksè Ariana Milagro Lafond, gras ak patisipasyon li nan konkou House of Challenge.
Menm si konkou sa a fèt sitou sou rezo sosyal yo, li rasanble plizyè gwo enfliyansè ki soti Lafrik, ak yon odyans ki konte plizyè milyon moun atravè platfòm tankou platfòm meta yo ak TikTok. Se nan espas sa a, kote atansyon mond lan fasilman kaptire, Ariana rive mete Ayiti sou kat la yon lòt fwa ankò pa ak kriz, men ak karaktè e fyète.
Vizibilite sa a gen yon dimansyon senbolik enpòtan tou: li raple lyen istorik ak kiltirèl ki egziste ant Ayiti ak Lafrik, pandan li pèmèt anpil jèn ayisyen rekonèt tèt yo nan yon mouvman mondyal. Plis pase yon viktwa pèsonèl, se yon moman ki bay anpil Ayisyen yon rezon pou yo santi yo ini ankò, menm si se pou yon kout tan.
Men kesyon fondamantal la rete menm: kijan yon sitwayen, ak pwòp mwayen li, rive bay peyi a plis vizibilite pase estrikti ofisyèl ki gen misyon pou fè sa?
Depi plizyè ane, plizyè milyon dola anonse kòm bidjè pou pwomosyon imaj peyi a, atravè ministè touris ak lòt pwogram. Men rezilta yo rete limite, difisil pou mezire, e souvan pa gen okenn enpak dirab. Pa gen kontinite, pa gen estrateji klè, e pa gen ase koneksyon ak moun ki deja ap fè bri pou peyi a sou sèn entènasyonal la.
Nan lòt bò, sa Ariana Milagro Lafond reyalize a montre yon lòt modèl: yon pwomosyon natirèl, òganik, ki soti nan kilti, nan istwa ak nan moun yo menm. Sa se yon opòtinite ki pa ta dwe pase san refleksyon.
Kesyon an pa sèlman rekonèt efò sa yo, men kapitalize sou yo. Sa mande pou leta ak sektè prive a mete ansanm pou transfòme moman vizibilite sa a an opòtinite konkrè: mete an valè destinasyon tankou Jacmel, Cap-Haïtien oswa Labadee, devlope òf touris ki adapte, epi travay seryezman sou kesyon sekirite.
San sekirite, okenn pwojè touris pap dirab. Men san vizyon tou, menm pi bon opòtinite yo ap gaspiye. Jodi a, kesyon an pa sèlman “kijan pou fè pwomosyon Ayiti?”, men pito: “kijan pou pa rate moman sa yo ankò?”
Vizibilite Ariana pote a se pa sèlman yon siksè pèsonèl se yon levye. Rès la depann de kapasite enstitisyon yo pou konprann li, òganize li, epi sèvi avè l pou rebati imaj Ayiti sou plan entènasyonal.
Redaksyon Journal la Diaspora
